dimanche 20 janvier 2008

AYITI

AYITI

Bèl fanm devenn

Peze souse

Tout kòw fè kwenn

Tèt ou kase

Pa gen doktè

Tou ti katkat

Sou wout malè

Kouche sou nat

Ayiti…

Rele anmwwe

yo pa reponn

kisa ou dwe?

Menw prèt fin fonn

Pitit lakay

pa pran konsyans

ki sa pouw bay

pou delivrans

Ayiti !

Kot la sirèn

Menw fout tonbe

Kot la balèn

Menw ap neye

Jou ap pase

Lanmè move

Fòn travèse

Poun ka sove

M-tande bri

Yon ouragan

Fè vit, kouri

pa pèdi tan

Li ret yon chans

Si nou met men

Avèk pasyans

Sann pa goumen

Renald

PAUP Août 2003

Aucun commentaire: